8 jij jwen benediksyon ou nominasyon nan Kou Kasasyon jodi madi 28 fevriye 2023 a.

1,195

02-28-2023

Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Premye minis Ariel Henry nome jodi madi 28 fevriye 2023 a, 8 jij Gran Toryan nan Kou Kasasyon nan Pòtoprens.

Nan kad aplikasyon Akò 21 desanm 2022 a, Premye minis enterimè PHTK a, nome 8 Jij, kote non yo pibliye nan Jounal ofisyèl Repiblik la, daprè yon arè gouvènmantal ki sòti jodi madi a.

Me non jij ki pral plase nan pi wo enstans jidisyè peyi a: Franzi Philémon, Maguy Florestal, Marie Joceline Cazimir, Anès J. Joazéus, Rameau Patrick Métellus, Frantz Drive, Ketsia Charles ak Louiselme Joseph.

Comments are closed.