Swit a piblikasyon kominike kominal meri Jeremi an, manm opozisyon kont pouvwa a, soude a nouvo twa baryè sou pon Notre Dame du Cap la.

749

02 – 18 – 2024


Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Tout swit aprè opozan fawouch kont PM ayisyen an, Ariel Henry ak tout ekip li, sa pat pwan tan pou manm opozisyon an anrevanj soude a nouvo 3 baryè sou pon Notre Dam Dukap lan.

Wout sila , bay aksè ak palè jistis jiridiksyon Jeremi an, aewodwòm lan nan numewo 2, se tronson sa a ki debouche sou komin Bonbon, ak Abriko andireksyon kot lan, ki genyen Dam Mari, Lèziwa ak Anzdeno.

Nap fè remake, nan kad mobilizasyon kont inityativ la Meri Jeremi pwan pou redemare ak aktivite eskolè yo, rnan Jeremi an, yè swa 17 fevrye 2024 lan, yon timoun 12 zan, kise Eliassaint Woodley resevwa yon bal mawon nan zonn Nan Koton nan moman l kouche sou kabann lakay li.

Comments are closed.