Lapolis nan vil Kap-Ayisyen fè yon gwo kout filè jounen dimanch 5 novanm 2023 a.

777

Rame Saint- Victor, se non gwo koure sa a, lapolis nan vil Kap-Ayisyen fouke ragagann.

11-05-23

Kap-Ayisyen, Ayiti___(TRiboLAND) Gras ak vijilans komisè minisipal Kap-Ayisyen an, Mackenzy Jean Noël, lapolis nan 2è vil peyi Dayiti, mete anba kòd yon gwo koure, jounen dimanch 5 novanm 2023 a.
Gwo koure sa a, se Rame St-Victor ki genyen 42 lane ki tap eseye tranzite Okap epi pou chape pou l li, pou antre nan peyi vwazen.

Enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ta fè kwè ke, Rame Saint-Victor, se yonn nan prensipal gang ki te patisipe nan masak Sodo a, nan fen mwa septanm ki sot pase la a.

Li enpòtan pou konnen, pou koulya gwo koure Rame, ap reflechi nan gadavi prizon sivil Okap la, annatandan li parèt tèt li devan pakè.

Comments are closed.