Absans dlo an jeneral, nan 8èm seksyon kominal Jeremi, genyen gro enpak sou lavi sitwayen yo ak zannimo.

1,247

07-21-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Kazèk 8èm seksyon kominal Jeremi, Fon Wouj Dayè, Richard Jean Bernadin ki entèvni nan mikro TRiboLAND, fè konen absans sèvis dlo jeneralize, genyen gwo tonton enpak sou lavi moun ak zannimo.

Kazèk Richard Jean Bernadin, te pwofite okazyon an, pou denonse responsab DINEPA-OREPA- Sid kap krate santi e ki pran yon malen plezi ap itilize kamyon leta a pou vinn vann peyizan zòn Fon Wouj Dayè, bokit e galon dlo 25 goud.

Magre sipò DINEPA jwenn bokote USAID, Bank mondyal, EPER, sa pa anpeche yap fè kòb nan kondisyon ilegal e kòwonpi.

Kazèk Richard Jean Bernadin, mande direktè jeneral lan, enjenyè Guitho Edouard pou repanse dosye sa a e pran responsabilite li.

Comments are closed.