Yon Nouvo Direktè Enstale nan Tèt Sant Teknik Eksplwatasyon (CTE) Pòdpè a

243
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon nouvo chanjman fèt nan direksyon Sant Teknik Eksplwatasyon (CTE) Pòdpè a. Enjenyè Gens Marcelin pran fonksyon kòm nouvo Direktè sant la pandan yon seremoni ofisyèl ki te fèt jodi vandredi 10 oktòb 2025 lan, nan site Kapwà Lamò a.

Seremoni an te dewoule an prezans Direktè Jeneral DINEPA, Enjenyè Théophile Ostinvil, ki te deplase pèsonèlman pou enstalasyon an. Plizyè lòt kad enpòtan nan rejyon Nò a te patisipe, tankou Enjenyè Poisson ak Administratè Amaël Celicour, pou n site sa yo sèlman.

Pandan okazyon an, Direktè Jeneral la te pwofite lanse travay rekonstriksyon sit CTE Pòdpè a, aprè li te fin vizite youn nan resèvwa prensipal yo ki nan zòn Démélis. Selon done yo, sistèm nan deja konte 9 000 abòne, pandan 5 000 nouvo abòne ap prepare pou rantre sou rezo a byento.

Enjenyè Ostinvil te salye popilasyon Pòdpè pou seryezite yo nan peye sèvis dlo a, epi li ankouraje yo kontinye nan menm direksyon an pou asire dlo kontinye koule nan robinè yo 24 sou 24.

Nan premye entèvansyon li kòm nouvo Direktè, Enjenyè Gens Marcelin remèsye tout kad ak anplwaye CTE a, epi li lanse yon apèl pou kolaborasyon tout pèsonèl biwo a ansanm ak popilasyon an, pou sant la kapab bay pi bon sèvis e ranfòse prezans DINEPA nan rejyon an.

Chanjman sa fè anviwon yon lane depi aprè eskandal vòl ki te fèt nan CTE a. Nouvo Direktè a ranplase komisyon ki tap jere enstitisyon an, depi aprè eskandal dwèt long yo.

Share:

Leave a reply