Sous Kleman nan lokalite Bòb yon resous natirèl ki riske disparèt.

158
0
Share:
TRiboLAND

03- 01- 2026

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Pwofesè Renold Mars ki se prezidan komite notab katye Bòd, lokalite 8èm seksyon kominal Jeremi an, mete de men nan tèt fas ak zak sabotaj , bwa kap koupe defason anachik pou fè planch, chabon, konstriksyon nan perinèt kaptaj dlo pou alimante popilasyon Jeremyènn.
Daprè pwofesè Renold Mars, se yon sitiyasyon alamant, e nou riske pèdi espas vital sila ki se poumon ki soutni lavi nan rejyon an. Konsa, li oblije pran wout laprès pou denonse konpòtman otorite konsène yo nan Jeremi, kii pa fè anyen pou mete fren nan aksyon kriminèl sa yo, ke endividi malfektè san reflechi ak komèt sou anviwonman an.

Daprè prezidan Mars, Sous Kleman ki nan lokalite Bòd, te konstri nan ane 1900. Li te reyabilite yon fwa anba inisyativ Leta ayisyen atravè DINEPA, gras ak yon finansman Koperasyon Espanyòl. Espas la see yonn pami twa sous dlo kap alimante plis pase kat san mil sitwayen nan popilasyon Jeremyènn lan nan kesyon dlo potab.
Fas ak deriv san parèy sila yo kap fèt anba boul je otorite konsène tankou majistra komin Jeremi an, Delege depatmantal lan, direktè DINEPA- CTE Jeremi an, direktè anviwonman, travo piblik, komisè gouvènman an, ak direktè lapolis la ke prezidan Mars akize ki pa fè anyen pou mete fen nan dezòd yo; kidonk, Renold Mars mande popilasyon an leve kanpe.

Share:

Leave a reply