Mityèl dentrèd pou devlopman ekonomik ak sosyal (MEDES) fete premye anivèsè li nan Tigwav.

982

02-02-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Mityèl dentrèd pou devlopman ekonomik ak sosyal (MEDES), selebre premye anivèsè yo jounen lendi 27 fevriye 2023 a, nan lokal yo nan ri Benwa, yon lokalite ki a kèlke kilomèt vil Tigwav.

Vis prezidan MEDES la, ki se Wilson Sylvain nan okazyon an, te pran pawòl, kote li deklare ke MEDES kreye nan lide pou wè kòman manm yo kapab grandi ekonomikman.

Selon vis prezidan an, MEDES kreye nan mwa fevriye 2022, li reyini 70 manm ak yon komite 7 moun kap jere pou premye sik la; yo deja konekte plis pase yon milyon goud, alòske prè yo varye de senkant a san mil goud. Pou yon moun prete lajan nan MEDES, fòk omwen li genyen 25% nan lajan yap prete a sou kont li. MEDES se yon mouvman ki ekstrèmeman entèresan, li kontribye anpil nan ekonomi peyi a.

Vis prezidan MEDES la, esplike se pa yo mem ki te vini ak lide mityèl solidarite nan peyi a, men se pandan yo se youn pami mityèl ki bay rezilta pandan l di komite a satisfè, manm yo satisfè ak travay yo rive pwodwi nan kad premye sik aktivite yo nan mityèl solidarite MEDES. Youn nan satisfaksyon yo di, yo genyen, se lè manm yo prete lajan e yo ranbouse li aprè an tèt fè mal.

Toutfwa, vis prezidan Wilson Silvain fè konnen, atant yo nan MEDES se rive kreye travay yon fason pou evite jenès la al chèche mendèv la abon mache nan lòt peyi etranje, ki daprè li, se yon esplwatasyon. MEDES konte kreye: kreye MEDES Sosyal ak MEDES Antreprenarya.

JOICY Arnold

Comments are closed.