Yon group polisye debake nan Vèrèt: Yon bon pòsyon nan popilasyon an bat gro bravo lakontman.

929

02-21-2023

Vèrèt, Ayiti______(TRiboLAND) Se jodi madi 21 fevriye 2023 a, yon group polisye ateri nan Vèrèt, yon fason pou retabli lòd e mete dlo nan diven gang yo kap taye banda depi yon bon bout tan nan depatman Latibonit lan.

Fòs lòd yo, selon enfo ki arive jwenn TRiboLAND, te akonpanye yon blende nwa ki ta sanble an misyon pou fasilite travay polisye yo e pou reponn tèt pou tèt ak vyolans gang ame yo.

Konsa, fòs lòd yo ta gentan fè bon jan ti netwayaj nan lakou komisarya Vèrèt la. Yon jès ki te jwenn gro aplodisman bò kote popilasyon an ki pat kache kiryozite li fas ak prezans blende nwa a egalman.


Comments are closed.