Yon nouvo konsèy pwovizwa pran tèt Kòporasyon Tribinal Depè Pòdpè

08/21/2026
Pòdepè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon nouvo konsèy pwovizwa enstale vandredi 21 dawout 2026 la nan tèt Kòporasyon Tribinal Depè Pòdpè a, nan objektif pou retabli lòd nan ti bawo a epi prepare eleksyon pou mete sou pye yon komite ki legal ak lejitim.
Mèt Bolivard Dayout pran tèt nouvo estrikti a kòm prezidan, li ranplase Mèt Jean Wilguind, ki te pase anviwon de lane ap dirije Kòporasyon an.
Daprè enfòmasyon ki disponib yo, prezidan sòtan an te deja lanse pwosesis pou òganize eleksyon nan tèt kò a. Sepandan, malgre demach sa yo, pwosesis la te vin bloke akoz difikilte pou jwenn yon antant ant prezidans lan ak plizyè manm Kòporasyon an.
Plizyè rankont ekstraòdinè te fèt pou chèche yon solisyon ak kriz la, men negosyasyon yo pa t rive bay rezilta espere a. Nan kad demach sa yo, manm yo te finalman pwopoze Mèt Bolivard Dayout Prezidan ki ka ede fasilite yon sòti nan kriz la.
Se nan kontèks sa a nouvo konsèy pwovizwa a pran fonksyon li. Mèt Dayout enstale ansanm ak Mèt Ténor Voltaire, ki te deja okipe pòs Sekretè nan ansyen komite a, ansanm ak Guillet Nastrel.
Nouvo ekip la gen yon misyon prensipal: retabli fonksyònman nòmal Kòporasyon Tribinal Depè Pòdpè a epi kreye kondisyon pou òganizasyon eleksyon ki dwe pèmèt Pwatisyen yo chwazi yon komite definitiv, legal ak lejitim.
Pou kounye a, misyon Mèt Bolivard Dayout ak ekip li a parèt klè: retabli lòd, fasilite dyalòg epi prepare eleksyon pou bay Kòporasyon Tribinal Depè Pòdpè a yon direksyon ki soti nan yon pwosesis elektoral regilye.






