Lapolis flite mòtèlman yon chèf gang 400 Mawozo nan Bonrepo

871

02-21-2023

Bonrepo, Ayiti______(TRiboLAND) Lapolis flite mòtèlman nan Bonrepo, yon chèf gang 400 Mawozo nan jodi madi 21 fevriye 2023 a.

Selon kèk sous ki verifyàb, TRiboLAND aprann manm aktif 400 Mawozo, Rémy Amos, jwenn bouchon li, nan moman li tap boukante kout zam ak Lapolis Bonrepo jounen lendi 20 fevrier 2023 a.

Selon lapopo, Rémy te espesyalize nan detounman kamyon machandiz; li se egalman yon eskanmòtè san pitye nan zak malfektè. Konsa, fòs lòd yo konfime ke yo konfiske yon pistolè ki te genyen 6 grenn katouch ladan.

Comments are closed.