Gran Toryan PNH yo anonse demaraj yon ankèt sou zak asasinay ajan lòd yo fè sou yon latriye manifestan inosan

1,042

09-10-2022

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad pou evalye yon seri dispozitif sekirite ke Direksyon PNH la te mete anplas semèn pase yo, sou lobedyans direktè polis la, Frantz Elbé, yon chita tande wololoy te arive fèt yè vandredi 9 septanm 2022 a.

Nan rankont sa ki te vize pou avalye sitiyasyon ou fenomèn gang lan ak jerans manifestasyon yo atravè peyi a, anpil lòt bwas te diskite e kèk lòt mezi te konsidere, notamman dispozitif ki kapab anpeche latroublay lapè piblik.

Enspeksyon jeneral enstitisyon polis la, te tou profite egalman fè eta de yon seri rapò de yon latriye ensidan ke yo konte envèstige sou konpòtman yon latriye polisye nan dènye vag manifestasyon yo atravè peyi a.

Nap raple, youn nan antite nan lapolis la ki fèt tèt li pase kòm sanginè nan dènye vag manifestasyon yo, se BLTS ki pran yon malen plezi tire sou manifestan yo, patikilyèman nan lokalite Karenaj, vil Pòdpè ak nan plizyè lòt vil atravè repiblik la.

Comments are closed.