Yon pastè nan Okay sakrifye nan zidòl yon ti fiyèt senk lane.

1,082

02-21-2023

Okay, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon Pastè ki pote non Pierre Roberson Yatte alyàs Jonas, trouve li nan yon gro tèt chaje ak nan mawon nan Okay, kote ke yo akize li nan lanmò yon ti fiyèt inosan. Anpil dwat jouda lonje sou katriyèm dirijan  Église de Dieu Shadaï vil Okay la; yo akize li dèske li ta sanble li fè sakrifis zidòl avèk yon tifiyèt senk lane ki pote non Anaïka Petit-Frère.

Selon enfo yo, yo jwenn Anaïka mouri anndan machinn Pastè Jonas, nan parking Lopital CITIMED nan vil Okay. Se konsa, depi lè a, Pastè Jonas pran lyann, pandan ke avoka viktim nan egzije san pèdi tan arestasyon lidè relijye a.

Kèk sous fè konnen ke manman viktim nan te konfye pastè Jonas fiyèt la, kote ke li te konvenk manman an pou li te kite viktim nan, akonpanye’l nan yon joune rekreyativ ki tap fèt nan yon katye nan Tòbèk, daprè sa jounal anlyn “Laquestionnews.com ta fè konnen.

Se yon dosye tèt chaje, revòltan e ki domine aktiyalite a nan Sid peyi a. Sa ki pi dramatik, yo jwen kò  Anaïka san vi e 2 zòtèy li koupe e badijonnen ak matyè fekal.

Estomake fas ak yon parèy krim, avoka kap ede fanmiy viktim lan, mande komisè gouvènman Okay la, Mèt Ronald Richemond pou mete aksyon piblik an mouvman kont “homme de Dieu” a ki nan mawon.

Comments are closed.