Kont chanèl YouTube chèf gang kriminèl Village de Dieu a ta sanble disparèt kon kout eklè.

1,544

Chanèl YouTube chèf gang Village de Dieu a ta sanble disparèt kon kout eklè.

Chanèl YouTube, chèf gang san konsyans, Izo 5 segond, disparèt tankou kout zeklè,se travay otorite kap mennen bak rezo sila.

04-14-23

San Bruno, Kalifornya, Etazini____(TRiboLAND) Aprè Chèf gang kriminèl Village de Dieu a, Izo “5 Segond”, te fin fè pwopagann ak yon rekonesans “Plak Youtube” anba je lemonn antye, bagay sa ki yon veritab eskandal, ta pral soulve kolè yon gwoup sitwayen ayisyen angaje, pou te lanse yon petisyon kote yo ta pral fòmile yon seri konplent kont yon parèy desizyon e egzije responsab platfòm YouTube pou bloke chanèl kriminèl la.

Se konsa, kont chanèl Youtube chèf gang Village de Dieu a, ki tap feraye ak anviwon 14 mil falowè reselè ak jouda, disparèt anba rada rezo sosyàl yo tankou yon kout eklè, dapwè rechèch divès jounalis, enfòmatisyen ak falowèz.

Aprann yon gwoup sitwayen ap manniganse pou mande bloke kont oubyen chanèl YouTube sila, chèf gang kriminèl la, Izo 5 Segond, fè konnen si tout fwa YouTube ta pran dispozitif bloke oubyen fèmen kont lan, li pral fè san koule tankou dlo kap desann nan larivyè.

Nap raple egalman, genyen anpil demach kap fèt bò kote yon group sitwayen anyisyen konsekan pou fòse Youtube mete sou kote yon latriye reselè promotè kap enpoze zèv ou zak malonèt gang yo sou Youtube.


Comments are closed.