Dàm Mari : 6 bandi krible mòtèlman anba bal lapolis e 2 zàm konfiske apwè gwo echanj kout zàm ant ajan PNH ak plizyè chèf gang

1,986

09/09/2021

Dàm Mari, Jeremi______(TRiboLAND) Responsab PNH yo nan Jeremi konfime yon gwo manman penba operasyon ke yo mennen nan Chanbelan nan wout ki mennen jous Dàm Mari nan lanwit mèkredi 8 pou rive jedi 9 septanm 2021 an ki okazyone plizyè bandi sangwen blese mòtèlman.

Enfòmasyon ki arive jwen TRiboLAND fè eta de yon seri echanj kout zàm ki te marye ant lapolis ak yon gwoup gang ki achte lokalite “Anba Monben Bèlis” lajan kontan. Gwoup bandi sa yo ki genyen nan tèt yo Ti Henry, Choukan Léon, Jean Junnot, Watson Joseph, yon lòt toupwisan ak Monsly te arive blese mòtèlman. Konsta legal yo te asure anba obsèvasyon jij Milien Paulin nan jiridiksyon Dàm Mari

Nan moman operasyon an, otorite PNH yo arive sezi yon fuzi M16 ak yon revòlvè kalib 38. Fòs lòd yo detèmine e pwomèt pou kontinye deniche lòt bandi ki ta sanble blese nan operasyon an ki an kaval.

Comments are closed.