Ansyen Senatè Latibonit lan reponn kesyon lajistis jounen lendi 4 mas 2024 la.

870

03 – 04 – 2024

Gonayiv, Ayiti____(TRiboLAND) Ansyen majòjon Sena Repiblik la, Youri Latortue, te al reponn kesyon jij Guimi Thelot nan tribinal premyè enstans site Lendepandans lan, jounen lendi 4 mas 2024 la.

Dapwè enfòmasyon korespondan TRiboLAND yo rive boske anba men avoka ansyen kòdonatè AAA, Mèt Guy Jacob Latortue fè konnen manda Louima Louidor te mete pou te fouke ansyen Senatè a leve.

Li enpòtan pou konnen, jij Louimar Louidor te mande pou mare ansyen Senatè Latibonit lan Youri Latortue, pou tèt li ta nan konivans ak chèf gang Aboulò ki tap miltipliye krim nan depatman Latibonit lan.

Nouvèl yo tonbe kou pate cho, yo tonbe kon kout zèklè pou fè kwè, zam Aboulò yo te legal e deside blanchi ansyen Senatè Latibonit lan, kòm kwa li pa gen anyen pou li wè ak kesyon chèf gang Aboulò.

Comments are closed.