Delegasyon Nòdès ak CNDDR reyalize 2 jounen fòmasyon 20 ak 21 fevriye 2023

02-21-2023
Fòlibète, Ayiti _____(TRiboLAND) Fowòm depatmantal estrateji nasyonal dezameman ak demantèlman òganize 2 jounen fòmasyon soti yè lendi 20an pou rive jodi madi 21 fevriye a anba tèm ” Rediksyon vyolans kominotè an Ayiti”.
Divè sitwayen ak sitwayèn pran plas yo byen bonè maten pandan 2 jou konsekitif. Yo reyini nan “Le Marien Hôtel” pou patisipe nan 2 jou fòmasyon sila ki genyen pou objektif redwi vyolans ki gen nan kominote ayisyèn yo.
Nap raple premye jou fòmasyon an pase trè byen e rete jounen madi 21 an pou pis solisyon yo mete yon pwen final nan yon parèy bwase lide kont vyolans ak rediksyon zam kap simaye dèy nan sosyete ayisyènn nan.
Plizyè antite rete kwen blòf ak pale mete la, paske pa gen anyen ki pozitif ke gouvènman PHTK a kapab akouche nan yon parèy demach atravè CNDDR.






