Ex-pwezidan George Bush mande Amerik egzamine pwòp echèk li nan moman peyi a ap bouyi sou lanmò George Floyd la

409

Dalas,Tekzas___(TRiboLAND) Ansyen pwezidan Etazini an, George Bush fè sòti yon nòt pou bay pozisyon li nan kad lanmò George Floyd ke yon polisye arive touye toufe ak jenou li e ki soulve anpil pwotastasyon atravè Etazini.

Pou ansyen pwezidan Bush, sitiyasyon ke nap viv jounen jodi a egzije nou konstate ou egzamine pwòp echèk nou. “Li lè li tan pou Lamerik egzamine pwòp echèk trajik nou yo”. George Bush nan tèt kole ak madanm li Laura Bush esplike fason kè yo tap “dechire lè yo tap gade tretman bwital sa, ke yo tap komèt sou George; nou choke anba enjistis sa ak pè kap sakaje peyi nou an jounen jodi”.

Ansyen pwezidan repibliken an ki estime li te ezite anpil pou li te fè yon ti bat bouch sou sitiyasyon peyi a, paske li plis kwè ke moman an koulya pi bon pou tande, kwè ke pi gwo defi pou Amerik se arive reyini tout kouch moun kòm yon sèl nasyon ki chita sou jistis ak opòtunite.

“Doktrenn ak konpòtman ki chita sou siperyorite rasyàl te pwèske fann nou an 2 mòso deja e li toujou kontinye ap menase Inite nou an. Solusyon pou rezoud pwoblèm ameriken soti nan respè kwayans ameriken yo ki pa lòt bagay ke tout moun kreye egal ego e yo benefisye sèten dwa nan men Bondye,” dapwè Bush ki tap depoze nan yon kominike.

Comments are closed.