Yon sitwayen ayisyen mouri anba bal swit ak nouvo deblosaj Matisan

441

06/21/21

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Popilasyon an nan Matisan  te resevwa yon lòt fwa ankò yon vag tansyon melanje ak tèrè ki okazyone yon malere mouri anba bal ou vyolans gwoup gang sangwen jodi lendi 21 jwen 2021 an.

Selon revelasyon abitan yo, gwoup gang sangwen yo mete Matisan 23 tèt anba; yo panike ak gwo zàm fann fwa moun yo jwen sou wout yo. Genyen nan yo  ke yo fè kouche atè san oken pwetèks. Malfwa yo arive etènn souf yon malere anba bal, blese plizyè lòt e bwile yon kay.

Nap raple ou, dènye deklarasyon reselè pwezidan defakto Jovenel Moise kont entansite vyolans san parèy gang yo kap rache separe anndan peyi a, pase kon van ak pale mete la.

Comments are closed.