Pèp souvren nan Mali pran lari pou mande demisyon pwezidan Ibrahim Boubacar Kéita

335

Bamako___(TRiboLAND) Plizyè moun nan popilasyon malyènn nan pran lari jodi 5 jwen 2020 an pou reklame demisyon pwese pwese pwezidan Ibrahim Boubacar Kéita.

Apwè apèl mouvman Imam Mahmoud Dicko a, pèp souvren achte beton an lajan kontan nan Bamako pou ekspwime mekontantman yo fas ak deriv e jesyon chèf leta a. Apwè 7 lane nan tèt pouvwa a, yo estime ke “sa sufi”, “IBK mache pòs ou”, se sa moun te remake sou plizyè pankat sou plas endepandans la nan Bamako ki te boure kap moun ki tap fè bwi ak vuvuzela.

Pami lòt revandikasyon, pwotestatè yo mande liberasyon ansyen Pwemye Minis ou pwensipal opozan, Soumaila Cissé ke yo te anlve depwi 25 mas nan moman li tap fè kanpay pou eleksyon lejislativ nan sant Mali.

Comments are closed.