Yo gen dlo, yo gen tè e yo gen solèy, men y’ap viv yon lanfè “kase wòch”

460

Tifon, Pòdpè___TRiboLAND pote boure jodi samdi maten 11 jwiyè 2020 an nan zòn Tifon ki a kèlke kilomèt vil Pòdpè. Konsè kout mato ou byen mas, kraze wòch pou fè pil gravye, ti pil ak gwo pil, tout sa dekri yon sitiyasyon alamant kote ke medam yo lage tèt yo nan travay fòse akoz abi sosyàl.

Malgre dlo ki antoure zòn Tifon, ki pa trò lwen plizyè bitasyon prezidan Jovenel Moise, sa pa anpeche abitan yo ap batay ak akwikilti pou bay yon repons a sitiyasyon grangou ki kwaze bwa l nan zòn nan. Resous ak entèvansyon sosyàl leta absan; konsa, se plis nan dòmi yo ka wè sa! Kidonk, malere, malerèz oblije lage tèt yo nan aktivite “kase wòch” prèske nan tout perimèt rivyè a.

Aktivite kase wòch pa yon mens afè pou moun sa yo ki an majorite manman konbyen ti moun yon fason pou yo kapab arive suviv. Li pran plis pase yon mwa pou yo arive reyalize yon pil gravye kase; yon travay esklav ki koute anpil tan ak enèji. “Transpòte wòch la se youn, pase anpil tan pou arive kase 2 ou 3 ti grenn wòch se yon lòt lanfè ki riske bay je pete, men anfle oubyen kout wòch ou zenglen wòch nan tout figi,” daprè Claudania Paul ki genyen 6 timoun nan men li san papa e ki ta sanble pa gen ase kouraj pou leve mato pouk raze wòch la.

Degrengolaj lavi nan rejyon Nòdwès la vinn de jou an jou anpire. Sikonstans ak ògèy pou pa antre nan vòlè ou prostitisyon, pouse majorite manman sa yo tonbe nan kase wòch, yon travay malouk ki mande anpil fyèl. Claudania ki apènn antre nan mouvman an nan mwa mas dènye, ap gazouye e pase plizyè peripesi pou arive fè yon kamyon “gravye kase” pandan plizyè mwa pou inik 32 dola ameriken swa 4,000 goud ayisyen.

Elas! Sa ki pi ridikil: yo genyen dlo a, yo genyen tè a, yo genyen solèy la, e volonte pou travay pou ede tèt yo egalman la; sepandan absans entèvansyon fòs sosyàl ou etatik yo pouse yo nan “kase wòch” pou yon pen kotidyen ki pa fasil sou wout lanfè!

Nap raple lèktè yo ke repòtè TRiboLAND yo te gen dlo nan je nan egzekisyon repòtaj sa!

Comments are closed.