Ayiti Kriminalite: Plis pase yon santèn kretyen vivan mouri sou divès fòm andan peyi a.

1,350

04-03-2023

Pòtoprèns, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon rapò Lòd Defansè Dwazimen (ORDEDH) mete deyò jounen lendi 03 avril 2023 a, yo deklare yo resanse plis pase yon santèn moun ki mouri sou divès fòm atravè peyi a, soti premye mas pou rive 03 Avril 2023 a.

Delmas, Petyonvil, Tabar ak sant vil Pòtoprèns, se kèk nan komin, daprè rapò ORDEDH la, kote ke yo resanse plis moun ki mouri, plis ka kidnapping anrejistre, anpil ka kidnapping dejwe anba vijilans Lapolis Nasyonal Dayiti.

Nap siyale, pou komin Delma, Petyonvil, Pòtoprèns ak Tabar, òganizasyon dwazimen an resanse 75 moun ki mouri anba bal, 50 lòt ka asasina nan Pòtoprens; pami yo genyen 14 timoun ki mouri ak bal ou byen mouri kankannen nan dife selon ORDEDH nan kad rapò li mete deyò sou divès zak kriminalite kap fèt andan peyi a.

Comments are closed.