Gwo deblozay nan Lenbe aprè yon katchouboumbe ant yon chofè moto ak yon ajan BSAP

11/8/2025
Lenbe, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon gwo tansyon anvayi vil Lenbe nan depatman Nò peyi a byen bonè maten samdi 8 novanm lan aprè yon ensidan ki te eklate ant yon ajan BSAP ak yon chofè moto devan mache piblik la. Daprè temwen ak zenyè, diskisyon an rapidman vire an konfli fizik aprè yon ajan BSAP ta frape yon chofè moto, ki reponn ak yon mouvman ki pwovoke entèvansyon yon lòt ajan BSAP, ki ta tire chofè a nan do.
Aksyon sila a pwovoke yon leve kanpe nan mitan popilasyon an. Plizyè moun pran lari, yo tante mete dife nan lokal Meri Lenbe a, ki loje tou biwo Direksyon Jeneral Enpo (DGI), biwo kat elektoral ansanm ak baz BSAP la nan zòn lan.
Otorite lokal yo ak lapolis poko bay okenn deklarasyon ofisyèl sou ensidan an, ni sou kantite moun ki ta viktim oswa dega materyèl ki fèt. Popilasyon an ap mande jistis epi garanti sekirite pandan plizyè fwa; konsa, yo mande yon ankèt ijan sou zak malonèt sila ki plonje Lenbe nan yon klima laperèz.






