Nan kad Festivité Kanavalèsk, vil Jeremi Toujou e Ankò trete An Paran Pov.

1,336

02- 18-2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Jeremi ki se chèf lye depatman Grandans lan, vil ki genyen yon aglomerasyon an tèm abitan ki plis pase 400 mil moun: klasman yon seri analis ak kòmantatè nan domèn ekonomi.

Meri Jeremi a fè pati 3èm kategori an tèm minisipalite ki pwòp e ki pa nan poul Meri Dèlma, Petyonvil, Kafou e menm Meri Okay; non selman ki genyen otonomi yo, men tou ,majistra kominal sa yo kreye kondisyon ki makònnen ak sèvis ke yap bay sitoyèn ak sitoyèn zòn kote yo peye task .

Se ka komin Jakmèl ki kreye non sèlman, kondisyon pou delivre sèvis, men tou ki genyen yon kilti oganize bonjan ak bèl koujay festivite kanavalèsk. Enfomasyon yo ta fè kwè pou ane sa, festivite kanavalèsk 2023 pou vil Jakmèl ak vil Okap Ayisyen anfale pi fò nan montan ke leta santral debloke ane a.

Me yon chèk yon milyon imilyasyon gouvènman Ariel Henry remèt bay Meri Jeremi an pou Festivite Kanaval 2023 a.

Tandiske selon sa ki rapòte nan mikro TRiboLAND, gouvenman Ariel la pa menm ka bay Meri Jeremi a ki nan kategori 3, 3 milyon goud pou oganize fèt popilè sa a kise kanaval.

Jan tout moun kapab konstate ak 2 nawè yo. Pou anpil obsèvatè, yon milyon goud ke pouvwa anplas la bay mesye dam Meri Jeremi yo, se kraze pou yo al bwet asosi tranpe yo. Pou anpil lòt obsèvatè, yon parèy kraze mounnen, pap menm kapab peyé djaz pandan 3 jou pou mete animasyon nan mitan yon popilasyon kap chèche defoulman.

Malgre pwoblèm lavi chè, ensekirite jeneralize, blackout san parèy, pwostisyon makònen ak delenkans kay jenn fanm kou jenn gason, gouvènman an ki konnen ke li medyòk, detèmine fèmen je li sou yon seri bezwen ijan nan poze aksyon madigra mal maske.

foto kredi: J-COM



Comments are closed.