Politik : Benissoit Mercredi, depite 50e lejislati a mande PM defakto a kanpe sou kesyon kanaval e envesti pito nan sekirite

195
0
Share:
TRiboLAND

01/23/2022

Jakmèl______(TRiboLAND) Benissoit Mercredi, yon ansyen depite nan 50e lejislati a mande ak premye minis Ariel Henri, kanpe sou kesyon aktivite kanaval la epi envesti pito nan kesyon sekirite peyi a.

Dapwè ansyen depite 50e nan pou Kay-Jakmèl, peyi a pap gouvènen. Kriz politik, ekonomik ak asosyàl ap anpire pèp la chak jou pi plis.

Konsidere kesyon ensekirite a kòm yon flewo majè ki vin konplike lavi chak grenn ayisyen, ansyen depite a mande ak premye minis lan poul pran bon jan desizyon nan avantaj pèp la.

Pou rezon sa yo, ansyen depite a estime se pa bon moman pou yon parèy Leta ap depanse ou gagote gwo magogo nan òganizasyon kanaval yayad alòske kesyon sekirite a pa janm adrese.

Pou fini, ansyen depite Kay-Jakmèl la mande mouche Aryèl Henri degaje l kou mèt jan-jak pou l manyen kesyon ensekirite a sitou sekirite sante moun paske pita se ka pi tris.

Genson HYPPOLITE

Share:

Leave a reply