Netwàyàj chan aviasyon vil Pòdpè a ap rapouswiv

228

01/20/21

Pòdpè______(TRiboLAND) Moun ki abite sou chan aviasyon Pòdpè a komanse remèsye ministè travo piblik ak kominikasyon (MTPTC), pou avansman travay netwayaj chan an k’ap rapouswiv.

Anpil nan yo prezante konpliman ak felisitasyon pou detèminasyon ou volonte prezidan repiblik la k’ap fè anpil bwàs pou arive pwopte site Kapwà Lamò a. Kamyon ranblè pa sispann fè laviwonn dede nan jete gro pil ranblè sou pis aterisaj la yon fason pou reponn ak egzijans pweparasyon kanaval nasyonal la nan vil la.

Nan avansman travay netwayaj chan aviasyon an, gen anpil sitwayen ki rete kwè si tout fwa travay yo avèk yon parèy anplè, pap gen trò gran difikilte tout bon vre pou vil Pòdpè resevwa kanaval national la ki pwevwa nan mitan ren fevriye 2021 an.

Li enpotan pou nou sinyàle se pa sèlman travay chan aviasyon an kap rapouswiv, men tou MTPTC pa sispann bwase labil vil la nan retire gwo pil labou ak fatra e mete rasanblè.

Fòk nou di minis travo piblik la, Mesye Jocius Nader pa sispann fè pelerinaj nan vil Pòdpè pou asire kontinite travay yo jou e nwi. Enjenyè a rabat pou’l di, ke li rete kwè anvan kanaval national la, majorite travay renovasyon yo tankou: chan aviasyon a, boulva Twa Rivyè a poun site sa yo selman, ap gentan ateri.

Jehrbson PETIT

Comments are closed.