Polis minisipal yo nan komin Senlwidinò mete men nan pat kasav youn nan chèf gang Tibwadòm yo.

989

01 – 19 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Polis minisipal nan komin Senlwidinò, mete anba kòd youn nan gwo chèf gang Tibwadòm yo ki toujou ap fè tranzaksyon nan komin nan ak va a.

Dony Michel, yon kriminèl notwa ki se yon evade prizon nan Penitasye Nasyonal nan lane 2003, paske l te touye Jimo anndan simetyè Senlwidinò a. Nan lane 2021, malfektè a te touye egalman Saint Jean anfas meri komin Senlwidinò a. Nan lane 2022, li ta pral touye 2 kouzen li nan vil Okap.

Polis minisipal yo arete kriminèl sila, yè aprèmidi pandan li tap tante antre nan meri a poul te al fè vanjans pou pitit gason li, Wilkervens ke popilasyon an te leche mèkredi pase a.

Pou koulye a, Dony Michel ap reflechi nan gadavi Pòdepè. Se yon dosye tout moun ap swiv nan komin nan, sitou Dony Michel ki se yon gwo bwa nan gang Tibwadòm kap fè ravaj anpil nan depatman Nòdwès la.

Comments are closed.