Fas ak van ensekirite jeneralize kap vale teren nan kat kwen Depatman Grandans lan, Direktè PNH la mande kolaborasyon ak sipò tout moun ki gen santiman.

1,284

02-18-2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Fas ak fenomèn ensekirite jeneralize a, kap taye banda depi kèk tan atravè depatman Grandans lan, Direktè depatmantal enstitisyon PNH an Mesye Jean Louis Paul Menard te rankontre diferan sektè yo nan Jeremi kou nan rès komin Grandans lan nan gro chita tande sou enòmite van ensekirite a.

Bwase lide yo te plis akse sou sa ki vrè koz vyolans yo ki makònen ak zak kriminèl yo. Otorite konsène yo, te pwofite okasyon an pou poze vrè pwoblèm sou plan lojistik ak resous ke enstitisyon an ap fè fas kare.

Se te okazyon tou pou responsab PNH Grandans lan, Mesye Jean Louis Paul Menard, mande manm sektè oganize sila yo pou ranpli dewa ak dwa yo kòm bonjan sitoyèn ak sitoyen nan konbat enfomasyon ensekirite yo ak tout lòt fòm vyolans ak enpinite.

Direktè Menard ki te pwofite mikro TRiboLAND Media Network, pou mande ak ankouraje sitoyèn ak sitoyen yo pou pa neglije pote plent nan lapolis, e denonse tout zago loray yo, move zangy ki sispèk nan zòn yo. Konsa, direksyon mete disponib nimewo sa yo pou tout bonjan enfomasyon : 3805 5555, 38045555.

Ansanm latriye sektè ki te arebò tab la, yo chak te pwomèt kolaborasyon yo, sou yon fòm ou sou yon lòt. E, yo te evoke konsiyn ak kondisyon sou sa ki gen pou wè avèk diskresyon anndan sèvis ransèyman ou rapòtè yo.


Comments are closed.