Senatè Evalière Beauplan reyaji kont zak repwesyon Komisè gouvènman Pòdpè a

Pòtopwens__(TriboLAND) Youn nan lidè sektè opozisyon demokratik la reyaji kont zak repwesyon kap taye banda nan Pòdpè. Nan you entèvansyon baton gayak li fè sou yon radyo nan kapital la, Senatè Nòdwès la, Evalière Beauplan pat manke detrese bò tèt komisè gouvènman Jean Volney Bellamin ki ta sanble bliye pase li pandan lap enpoze mouvman chèf sou yon popilasyon ki tout senpleman vle ekspwime revandikasyon li fas a yon pouvwa ki te pwomèt yo “mond e mèvèy” san konte 500 kilomèt wout ak baraj Twa Rivyè.
Senatè Beauplan rapouswib pou-l di, se malere malgre Pòdpè nan sitiyasyon sa, se yon moun fou ke yo mete chèf nan Nòdwès kap pwofite fè pase tout rayisans ke li genyen kont moun Nòdwès. Rayisans sa li soti de pi lè Bellamin te echwe nan eleksyon kote ke li tap fè foto kopi milye batistè aloske youn ladan yo pat bon. “Se yon nèg ki te dwe dèyè bawo pou rakèt”, selon deklarasyon Senatè-a ki tap depose pou Bellamin ke yo akize kap miltipliye repwesyon, arestasyon san fondman, fouy ak desant delye lakay yon pakèt militan opozisyon nan vil Pòdpè.
Senatè Beauplan ajoute “moun kap trake popilasyon an, se yon seri moun nan tan pase yo ki pat kredib, ki te nan vagabondaj ke sosyete-a te repwoche e ki jounnen jodi-a konvèti an bouwo ap mache pèsekite moun debyen kap pale de grangou, yon vil ki nan labou; alòske Komisè-a nan menm labou santi-a tou, li nan menm kay ki pa gen latrinn nan, li pa menm gen yon bout soulye nan pye-l, e si ou ta fè li voye kostum ki sou li se bagay grav; e tandiske, se pou li popilasyon an ap revandike. Konsa, demen lè sa chanje, lap ka arive genyen yon bon kay e li pap bezwen raketè ak fè fo jijman ak fo papye pou li fè kòb”.
Antouka, lidè opozisyon an di popilasyon Nòdwès pwan yon ti pasyans paske delivwans lan pa twò lwen. Bat chyen an, tann mèt li! Konsa, gen yon kote kap rive nou pwàl dèyè kòwonpi yo e nou rasire ou ke Jean Volney Bellamin ap nan lis raketè yo.






