Swadizan Festivite Kanavalèsk pou ane 2023 a nan vil Jeremi, òganize sou pil fatra tribò e pabò.

1,021

02-19-2023

Jeremi-Ayiti (TRiboLAND) Selon temwayaj kèk moun nan vil Jeremi fè nan mikro TRiboLAND, konstaté a kèlke èdtan pou dewoulman anbyans kanaval, swadizan defoulman popilè pou ane 2023 a.

Konsta yo montre ke otorite minisipal yo nan nivo Meri jeremi an, pa fè okenn lagès pou ta leve gro chato pil fatra ki prezante sou fòm piramid a travè kat kwen vil Jeremi, eki rann sikilasyon ak lavi sitwayen yo difisil.

Deprefans, anpil moun nan vil Jeremi, mande majistra Claude Harry Milord itilize chèk yon milyon goud lan ke pouvwa santral bay pou achete gaz mete nan 2 kamyon yo, ak backhoe loader ke peyi Japon tef è Meri a kado a, yon fason pou ranmase fatra yo.

Pou anpil moun, yon parèy inisyativ depreferans tap ede mwens aksidan fèt, dekonjesyone lari a, fasilite sikilasyon pyeton, machin, e zannimo fèt lib elibè.




Comments are closed.