Kanada sanksyone 2 lòt ayisyen, ki nan rizyèz e konfyolo ak gang, anplis kap benyen ragagann nan koripsyon

2,019

Ansyen Prezidan Jocelerme Privert avèk Avoka Salim Succar, se 2 prezime reselè ki nan danse kole ak gang sangwen ki lage Ayiti nan won san baton sa, daprè lis sanksyone e kòriktè peyi Kanada yo.

02-16-2023

Kebèk, Kanada___(TRiboLAND) Aprè Premye Minis kanadyen an, Justin Trudeau te anonse nan Konferans chèf Gouvènman “CARICOM” yo, ke peyi Kanada pral pran sanksyon kont 2 pèsonalite en Ayiti.

Finalman, li pat pran tan pou depite Kanadyen Emmanuel Dubourg devwale pèsonalite sa yo. Jocelerme Privert, ansyen Prezidan pwovizwa ak Salim Succar, Avoka; se non 2 nouvo prezime reselè gang ki jwen sanksyon jounen jodi 16 fevriye a anba men otorite peyi Kanada yo.

Responsab Kanada, ki tanzantan genyen yon kanè trimèstriyèl ke lap delivre pou pèp ayisyen an, menm ale pi lwen pou li denonse prezime atoufè sa yo kap pyafe nan kòripsyon ragagann.

Kanada reyitere volonte li pou li kontinye demaske aktè politichyen ak richyen ayisyen yo ki efondre Ayiti. Malgre divès gwo zotobre ki sanksyone deja, Leta Ayisyen poko janm rive poze oken aksyon pou mete reselè ak kòriptè sa yo nan wòl yo.

Li enpòtan pou ou konnen ke peyi Kanada nan tèt kole ak peyi Etazini, deja sanksyone yon total 17 prezime parenn ou Papa gang!

Comments are closed.