Lis peyi ki asèpte pou bay Ayiti bourad nan kriminalite gang yo, ap ogmante.

858

08-04-2023

Apwè Bahamas, Jamayik e peyi Kenya kideside pran tèt yon evantyèl Fòs Milti-nasyonal pou re-etabli sekirite, nòmalizasyon ou trankilite piblik anndan peyi Dayiti, yon lòt peyi tankou Senegal ajoute nan lis sila.

Malgre peyizaj politiko sosyo-ekonomik peyi Senegal ap pran lanm nan dènye jou sa yo, sa pa anpeche li ofwi tèt li kòm antite, ki kanpe an dan di pou bay Ayiti jarèt nan re-etabli yon klima sekiritè sou tèritwa Jan Jak Desalenn nan.

Nap sinyale, jiska pwezan, genyen kat peyi kap chofe jarèt pou deplwaye troup yo anndan peyi Dayiti; yo tout se peyi nwa.

Comments are closed.