Dràm sou dràm! Yon otobis ki asire trajè Ayiti – Sendomeng bwile ak tout pasajè ra pye tè

1,307

12-19-2022

TRiboLAND___Imaj yon seri ayisyen ki kabonize nan yon otobis ki asire trajè Ayiti – Sendomeng pa bouke fè laviwonn reso sosyàl yo aprèmidi lendi 19 desanm 2022 a.

Foto pasajè sa yo trajik e chokan; malere yo ki tap chèche lavi, yo tout tounen chabon. Malgre entèvansyon ponpye ki te arive sou plas, men elas, tout moun te gentan kabonize e se avèk anpil difikilte pou ajan sekouris yo tap tante rekipere zosman yo ki te bay dlo nan je.

Daprè yon temwen okilè, li difisil pou te arive repètorye konbyen moun ki mouri. Yo tout tounen chabon e enposib pou idantifye. Kritik yo pa ezite lage responsablite sou politichyen ak richyen sanpidè lakay yo ki kreye yon parèy kondisyon pou sitwayen ayisyen kap pèdi vi yo nan boske lasibab lakay yon swadizan peyi vwazen.

Comments are closed.