Fondasyon TRiboLAND : Jèn Jandenant, nan Wanament benefisye 2 jounen fòmasyon gratis sou dekorasyon

277
0
Share:
TRiboLAND

Jandenant, Wanament, Ayiti______(TRiboLAND) Nan kad misyon li ki se chape sa ki kapab chape, asiste sa yo ki pran nan angrenay politisyen ak patron kòriptè kap fini ak jenès Dayiti, Fondasyon TRiboLAND kontinye ap pote ranfò li atravè peyi Dayiti. Konsa, gras ak kòdinasyon yon ekip solid Fondasyon an ki genyen nan tèt li Enjenyè Louendy Jean, plis pase 83 jèn arive pran 2 jounen fòmasyon sou dekorasyon avèk arfloral.

Antouka, selon pwotokòl patisipasyon an ki makònen ak kritè pwofesyonèl metye manyèl la, patisipan yo ap genyen pou demontre travay yo atravè yon video pratik ke pwosesis aprantisaj la egzije kòm evidans. Abyans aprantisaj la te chaje avèk jèn tout plimaj e ki te soti nan diferan rejyon avwazinant yo. Aprenan yo ta pral reyalize nivo potansyalite yo fas ak yon parèy travay manyèl ki reyèlman rechèche sou mache anplwà a.

Se ta manke lizaj pou nou pa ta rekonèt dimansyon pwofesyonalis ak konpetans madam Sylvanie Gabriel, yon pilye ki boure ak konpetans, men ki pa sispan, non sèlman delivre sèvis dekoratif la bay jèn yo, men tou motive nan enkilke yo bonjan konsèy ak ladrès kap elwanye kont tout fòm pwostitisyon ak delengans jivenil.

Antouka, malgre ouvèti lekòl la atravè peyi Daiti, seyans fòmasyon yo ap kontinye san gade dèyè, jis kaske TRiboLAND arive chape sa ki ka chape! Bwavo Jandenant! Yo gro kout chapo pou Mè Dedier Antoine ak Mikelda Richard e Elsie Esterlin ki te kontribye nan faz planifikasyon yon parèy sòlòkòtò edikatif.

Share:

Leave a reply