Miragwàn: 2 prezime bandi sangwen pran yon lòt fwà ankò nan muskad e 3 lòt mare kou krab.

2,708

06-18-2022

Miragwàn, Ayiti_____(TRiboLAND) 2 Prezime bandi baz 5 segond pran yon lòt fwà ankò nan muskad nan anbuskad ak 3 lòt ki mare kou krab, daprè yon bilan Komisè gouvènman Miragwàn na, Jean Ernst Muscadin jounen samdi 18 jwen 2022 a.

Nan yon operasyon gason pa kanpe nan jiridiksyon Miragwàn nan jounen samdi 18 Jen 2022 a, Jean Ernest Muscadin nan tèt kole ak la polis nasyonal flite ak muskad 2 prezime bandi gang 5 segond ki gen nan tèt li IZO nan vilaj de Dye. Bandi yo ki se : Jules Francois, alyas “Piman Chen” ak Rodrigue André, pran nan poud la, nan lokalite Sen Michèl nan komin Miragwàn. Operasyon sa, ki te youn ki tradwi bonjan plan estratejik fòs lòd yo nan depatman Nip la, te fasilite yo mare kon krab 3 lòt bandi sangwen ki te gen chans gen lavi.

Nap raple ou, Jean-Ernst Muscadin pa sispann lage miskad nan zantray bandi yo e pwomèt lap transfòme jiridiksyon Miragwàn nan kòm simetyè pou bandi ak tout pòt pawòl bandi kap teworize popilasyon ayisyèn.

Antouka, ta sanble se akonplisman yon promès ki ta sanble ki sou wout pou materialize, kote ke depi bandi a mete pye l Miragwàn, satelit muskad la te gentan entèsepte l. Konsa, anpil viktim bandi sangwen, swete wè poud muskad la kontinye viv pou lontan!






Comments are closed.