Kata 22 : Derrick Etienne kreye pasaj pou Grenadye yo

513

06/08/2021

Pòtopwens ______(TRiboLAND) Nan twazyèm sòti seleksyon ayisyèn nan, nan kàd eliminatwà Koup Mondyàl 2022 a, Grenadye yo arive mete do ekip Nikaragwà atè avèk yon bijou gòl Derrick Etienne nan Estad Sylvio Cator a jodi madi 8 jwen 2021 an.

Viktwà sa ki konstitye yon 3è nan 3 pwemye sòti Grenadye yo, pèmèt ke seleksyon nasyonal la jwi yon klasman nan gwoup li ye a avèk yon 9 pwen total, gras ak yon gòl ke Etienne egzekite nan 63è minit jwèt la.

Comments are closed.