Fenomèn kòche bèf ap baleye vil Leyogann: Nèg ak zam vòlè epi kòche plis pase yon douzèn bèf nan Ti Rivyè

884

02-16-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nèg ak zam vòlè epi kòche plis pase yon douzèn bèf nan Ti Rivyè, komin Leyogan nan lannwit mèkredi 15 pou louvri jedi 16 fevriye 2023 a, selon sa ajan ekzekitif enterimè nan meri Leyogan nan, Erson Henry ki tap pale nan non elvè viktim yo.

Nimewo 1 meri Leyogan lan deklare, sa fè kèk tan vòlè pavle ki te bèf yo yon souf nan zònn andeyò yo. Ajan an, rete kwè ke tèt betay yo ki reprezante kanè bank peyizan yo e ki fasilite paran yo voye timoun yo ale lekòl.

Ajan ekzekitif enterimè a,esplike fòk elvè yo kontinye mobilize pou yo mete sou pye brigad vijilans, tann pèlen, kolabore ak la meri, lapolis, lajistis, kazèk ak asèk yo; konsa, yap kapab degaje yon sinèji ansam pou rive frennen fenomèn vòlè epi kòche bèf peyizan yo atravè seksyon kominal yo.

Nap raple, premye sitwayen komin Leyogan nan, Erson Henry presize, sa pa genyen lontan depi popilasyon an nan Ti Rivyè touye e rache ak kout manchèt 7 jènn gason yo te kenbe nan vòlè ak kòche bèf abitan yo.

JOICY Arnold

Comments are closed.