Gaz la dwe desann atè plat daprè plizyè antite

313

10\09\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) 24 èd tan aprè bès gaz nan diferan ponp anndan peyi a, Sendika Transpò anndan peyi a di sa se jwèt ti moun kap fèt. Retire yon kokad sou gaz la “se pase moun anba betiz”, daprè Carl Henry Michel, youn nan reprezantan Sendika Transpò yo di ke gouvènman an dwe desann gaz la atè plat.

Konsa, deja genyen anpil katchou boumbe ant pasajè ak chofè ki pa soti pou pliye ak egzijans bès kokad la sou pri gaz la. Daprè Eric Jean Baptiste, gro Sekretè Jeneral RDNP e businessman deklare ke se anba betiz gouvènman ap pase moun. Li estime ke responsab yo vini avèk lwa ki mande pou gaz la desann chak fwa ke li desann sou mache entènasyonal la. Yo pare pou yo supòte mouvman sendika ak asosyasyon chofè moto yo tou nan sans sa!

Eric akize gouvènman an ki figire karantwa milyon dola pou ranbouse dèt gaspiyaj magogo lajan petro karibe a ki pase an gagòt anba je pèp la. “Nou pa manje pwa, alòske nap bay lapure”, daprè Eric Jean Baptiste ki tap depoze sou yon radyo nan kapital la.

Comments are closed.