Jounalis korespondan Radyo Karayib nan Tigwav, Anel Joseph pèdi papa li.

125
0
Share:
TRiboLAND

09 – 14 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Jounalis korespondan Radyo Karayib nan Tigwav, pwofesè Anel Joseph pèdi papa li nan rezidans prive li; aprè li tap soufri ak yon maladi pou yon bon bout tan. Papa Anel Joseph ki te jwe yon gwo wol nan vi li, rann denye souf li, nan lannwit dimanch 13 pou louvri maten lendi 14 septanm 2026 lan, nan 10èm seksyon kominal Tigwav, lokalite Lafèm.

Jounalis Anel Joseph pèdi yon moun ki te ekstrememan chè pou li nan lavi li. Papa Anel Joseph se te yon responsab legliz pwotestan, yon kiltivatè, yon elevè zannimo. Li te genyen 7 pitit e li mouri nan laj 70 lane.

Ke nanm papa jounalis Anel Joseph, repoze nan lapè etènèl!

Share:

Leave a reply