Kowalisyon pou sove komin Tigwav nan tèt kole ak Altènativ pou chanje Ayiti, pwozisyone yo sou reyalizasyon pwochèn eleksyon yo.

139
0
Share:
TRiboLAND

09 – 22 – 2026
Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Kowalisyon pou sove komin Tigwav, nan tèt kole ak Altènativ pou Chanje Ayiti (ACH), bay yon konferans pou laprès jodi madi 22 septanm 2026 lan, nan reyalizasyon eleksyon yo anndan peyi a.

Pozisyon 2 òganizasyon sa yo sou dewoulman eleksyon yo, pa diferan de sa ke lari a bay atravè Larepiblik. Kowalisyon ak Altènativ, deklare eleksyon pa posib nan peyi a akoz kontèks politik, ensekirite, ekonomi, grangou e mizè tout kalite ke peyi a ap konnen depi yon bout tan.

Ansanm òganizasyon yo avanse yon seri chif pou moutre konsèy elektoral pwovizwa (KEP) a, sou plan teknik pap kapab reyalize pwochèn eleksyon yo nan dat 13 desanm kap vini la a, jan yo te anonse sa.

Pou Kowalisyon an ak ACH, KEP bezwen omwen 4 milyon 500 000 moun kòm elektè pou reyalize eleksyon yo; aloske yo poko menm enskri 1 milyon moun nan dat yo te prevwa a. Selon sa yo deklare bay responsab yo nan Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI). Estrikti òganize yo k’ap poze tèt kesyon pou konnen èske y’ap viv nan yon repiblik kote dwa respete. Lè yo konsidere ensekirite k’ ap ogmante, kidnapping, bandi ame k’ap fè lalwa, masak Kenskòf, moun k’ap travay ki paka touche, edikasyon ak lajistis tounen vant ozanchè, kòripsyon ap taye banda nan mitan nèg kravat yo, polis Nasyonal la kontinye ap imilye, grangou ak lamizè tout kalite pa sispan’n fè moun esplikasyon; franchman se plis ke yon lanfè, daprè responsab yo ki tap depoze.

Toutfwa, Kowalisyon pou sove komin Tigwav dekonsè ak Altènativ pou chanje Ayiti, presize se eleksyon bouyi vide ak menmiz entènasyonal, yo kwè se sa ki toujou lage peyi a nan sitiyasyon difisil. Yo vle eleksyon, men yo pa vle eleksyon krizokal nan jwèt pike kole pou lage peyi a nan twou ki pifon toujou.

Share:

Leave a reply