Yon Òm dafè atoufè ameriken kondane nan kad dosye asasinay ansyen chèf Leta ayisyen an.

828


05 – 22 – 2024

Florida, Etazini___(TRiboLAND) Frédérick Bergmann yon ansyen gwo potanta nan biznis peyi blan Meriken, kondane pou li pase 9 lane nan prizon federal pou tèt nivo enplikasyon li nan kad dosye asasinay ansyen chèf Leta ayisyen an, Jovenel Moïse.

Ansyen gwo pototan ameriken an akize kòm kwa li ta bay anviwon 20 jilè balistik ak Emmanuel Sanon nan yon kagezon ki t’ap vin sèvi sekirite kolonbyen yo.

Frédérick Bergmann 65 lane fè konnen nan moman tribinal la t’ap pwononse pèn li an, li te konn bay E. Sanon kòb pou vin fè byen Ayiti, men li te bay jilè balistik yo paske li te di li, se li menm kap pwochen prezidan nan peyi Dayiti.

Comments are closed.