Sekretè jeneral Vizyon ayisyèn dwa moun nan nan komin Tigwav, Mèt Jules Romilus, denonse eskandal kòripsyon li di ki eklate nan pakè jiridiksyon an.

802


05 – 09 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Atravè yon konferans pou laprès, maten mèkredi 08 me 2024 la, sekretè jeneral Vizyon Ayisyèn Dwa moun nan Tigwav (VHDH), Mèt Jules Romilus, pa manke mo pou denonse eskandal kòripsyon li di ki eklate nan pakè jiridiksyon Tigwav la dènye jou sa yo.

Militan dwa moun nan fè konnen, li sezi tande genyen yon asosyasyon malfèktè ki genyen ladan ni, Avoka, komisè pakè ak lòt moun deyò, ki itilize siyati komisè gouvènman pakè Tigwav la, Mèt Pierre Elioth Paul ak so enstitisyon an, pou mete manda arete moun, libere moun lè yo vle, lè yo pipito sou non otorite lajistis yo, nan jiridiksyon an.

Nan sans sa a, sekretè (VHDH) la, Mèt Jules Romilus di, li prewokipe swit ak sitiyasyon eskandal koripsyon sa a, kap devlope nan pakè Tigwav la, li envite ministè lajistis ak CSPJ poun vin mennen yon ankèt serye, pou fè limyè pou sosyete kap viv nan rejyon gwavyèn nan epi bay mafya yo yon repons apwopriye pou zak yo repwoche yo nan jiridiksyon Tigwav la.

Comments are closed.