Selil refleksyon nan zòn pon Ladig Tigwav, denonse leta Santral ki afiche iresponsablite fas ak menas danje inondasyon ki pandye sou lokalite Ladig.

07 – 01 – 2026
Tigwav, Ayiti ___ ( TRiboLAND) Òganizasyon Selil Refleksyon nan zòn Pon Ladig Tigwav, nan yon konferans ak laprès yè mèkredi 01 jiyè 2026 lan, denonse iresponsablite Leta Santral fas ak siyasyon tèt chaje sou Pon Ladig la, 12èm seksyon kominal Tigwav, ozanviwon 10 zè konsa.
Selon pwotestatè yo, objektif konferans sila a, se pou atire atansyon otorite lokal ak santral sou yon gwo danje ki toujou rete plane sou moun nan zòn Ladig ak lòt lokalite ki anviwonnen li. Malè pandye sila a, date depi aprè pasaj ouwagan Melisa sou komin Tigwav, nan lannwit madi 28 pou mèkredi 29 oktòb 2026 pase a. Kote te genyen plis pase yon 20 tèn moun ki te pèdi lavi yo, timoun melanje ak granmoun, anpil kay te kraze, anpil kay te inonde ak anpil lòt disparèt san konte anpil tèt bètay peyizan yo ki ale nan lanmè.
Manm selil la ki te genyen pankat nan men yo ki te defini ansanm revandikasyon yo, kote ya’p reklame grabyon pou 2 bò liy rivyè a, kiraj anba rivyè a epi reyalize travay konsèvasyon sòl nan tèt mòn yo, yon fason pou evite deboulman.
Yon lòt kote, selil la kritike travay tèt chat yo di TPTC ap fè nan rivyè a pou retire tè mete sou kote dig la; pou anpil moun, yo estime yon parèy fo mouvman pa bon ditou; paske daprè yo, tè pa kapab bare dlo. Pwotestatè yo fè konnen ke yo genyen gwo kè kase fas ak yon seri move tan ou siklòn ke responsab meteyolojik yo prevwa ki kapab fwape rejyon karayib la pandan sezon siklonik.






