Pòdpè-Enskirite : Endividi ke pèsonn pa arive idantifye filange yon prezime bandi

2,233

John Jean Jacques – 03/12/2022

Pòdpè______(TRiboLAND) Yon prezime bandi nan vil Pòdpè tonbe anba kout manchèt kèk endivividi ke moun pa idantifye nan lannwit jedi 10 pou rive maten vendredi 11 mas 2022 a.

Popilasyon kap viv sou chan avyasyon nan site Kapwà Lamò a, leve anba chòk lè yo te pantan byen bonè nan maten sou kadav Étienne Renold alyàs Ti Renold, blayi de pye devan filange anba kout manchèt.

Selon enfòmasyon ki rive jwenn TRiboLAND, Ti Reynold ki genyen 27 rekòt sou tèt li, se ta yon prezime bandi ki gen abitid fè prizon. Li ta yon manm aktif nan gwoup gang “Bondiri” ki fè baz yo “Nan Bouchi”, kote key o toujou ap kase pari ak baz “Dènye Rèl nan vil Pòdpè.

Nan kad krim odye sila a, lapolis arive mete lapat sou 8 moun e poze sele sou yon disko nan kanton an ki pote non “Karibeyen Disko”, selon sa ke jij Paul Blanc, ki te an chaje pou fè konsta legal kadav la deklare nan mikro jounalis Ychmuth Corneille.

Comments are closed.