Me sa Paul Eli Faustin, Kòdonatè Fòs Nòdwès Ini (FNOU) deklare, nan okazyon 7 fevriye 2023 a.

1,120

Paul Eli Faustin, youn nan manm ki te fè opozisyon fawouch sou Administrasyon ansyen Prezidan Jovenel Moïse la bay enpresyon li nan okazyon 7 fevriye 2023 a.

02-07-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Chif 7 la se pèfeksyon, dat sa raple li batay ki te fèt pou koupe fache ak rejim Duvalier a, kote baboukèt la te tonbe; li raple egalman, 7 jiyè se ted at yo te asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse.

Paul Eli kontinye pou salye Daraymond Destima, ki toujou ap mande jistis pou ansyen Prezidan an, pandan li pa neglije salanbe divès fanm ak nèg ki te nan do Prezidan ki te fokis pou fè lajan sèlman, men ki pat wè enterè depatman Nòdwès la.

Malgre mal kon mizè gen ti travay ki tap fèt nan depatman an, jan anpil patizan pouvwa te konn di “kamera fikse sou Nòdwès”. Divès travay ki te kòmanse sou Jovenel, pat janm fini, malgre yo pa tap fèt byen. Anpil nan yo te kòmanse e finalman yo pa egziste.

Pou Paul Eli Faustin, genyen twòp ipokrizi nan zafè mande jistis pou Jovenel sa; ekip Jovenelis la ipokrit twòp! Pandan yap fè sanblan mande jistis, li pwente dwat sou kèk chantye nèg ki te nan do Prezidan, ki pa janm fini, tankou: Ri 3 Gras, Chan Avyasyon, Ri Bèna ak divès pon pou site sa yo sèlman. Alòske lajan yo nan men yo. Lidè FNOU an pa met dlo nan bouch li, pou trete de: vanipye, ti banbin ak vòlè men long sa yo ki te senpleman la pou pran woulib nan sasèdòs gouvènman Jovenel la. Fòk yo sispann ki te bourik la pou yo pito bat makout la.

Paul Eli Faustin fini pou di, li menm se pou pèp Ayisyen, Nòdwès an patikilye lap mande jistis. Popilasyon an pa avèg, li pa soud, men lap pran nòt!

Comments are closed.