Komisyon kominal branch lokal RDNP Tigwav salye arive konsèy wo tranzisyon (HCT) la nan tèt peyi a.

1,168

02-07-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Komisyon kominal branch lokal (RDNP)Tigwav la, nan yon konferans pou la près jounen madi 7 fevriye 2023 a, salye madam Mirlande Hyppolite Manigat kòm prezidan donè wo konsèy Trazisyon (HCT) a.

Komisyon kominal la ki deklare aksyon sa a ki poze a, se yon bon pa nan yon bòn direksyon pou peyi Dayiti rive soti nan kafou difisil li twouve l jounen jodi a.

Mam komisyon an, felisite konsèy la pou angajman yo pran ak tout defi kap tann yo. Yo fè konnen konsèy la pral travay pou respekte tout sa ki di nan akò 21 desanm pase a, nan lide pou kaba ensekirite ak zak kidnapping yo, lavi chè a pral amelyore, yo pral travay ak gouvènmen an pou kreye anplwa pou jènn yo, enstitisyon yo pral kanpe pou sèvi popilasyon ayisyènn nan kap soufri lontan. Ajoute ak sa, konsèy la pral òganize eleksyon onèt, kredib ak demokratik andan peyi a.

Toutfwa, komisyon kominal branch lokal RDNP Tigwav la, lonje men yo bay tout aktè politik yo, ak tout lòt moun ki nan sosyete a, pou pote kole ak wo konsèy tranzisyon an pou retire pèp ayisyen an nan lavi chè, ensekirite, kidnapping, chomaj ak enstabilite politik.

Men moun ki te sou tab konferans la:

Subreme Jean Bernand, kòdonatè
Agro Fidèle Jean Claude, kòd adjwen
Pedel Celestin, sekretè
Saint Fleur, konseye



Comments are closed.