Rodolphe Jaar kondane poul pase tout rès vil nan prizon, pou patisipasyon li nan konplo asasinen ansyen prezidan Jovenel Moise.

1,325

06-02-2023

Miyami, Etazini_____(TRiboLAND)Trafikan dwòg ayisyen e komèsan, Rodolphe Jaar ki te plede koupab sou 3 chèf akizasyon nan dat vandredi 24 mas 2023 a, jwenn kondanasyon l jounen vandredi 02 jwen 2023 a.

Rodolphe Jaar kondane poul pase tout rès vil nan prizon, dapwè sa apnews.com kominike; se yon jij federal ki pran desizyon an, jounen vandredi 02 jen 2023 a.

Rodolphe Jaar,san ezite fè konnen, li te patisipe nan bay materyèl, nan bay kòb pou planifye plan asasinay la,peye sekirite ansyen chèf Leta a, Jovenel Moïse, yon mannyè pou kou a teka byen pase, nan dat mèkredi kite 07 jwiyè 2021 an.

Comments are closed.