Pòdpè / Mach Pasifik : FNOU ak Alye li yo ap fè yon mach pou di non ak pwojè Leta genyen pou fèmen pò Pòdpè a

1,216

08/09/2022

Pòdpè, Ayiti _____ (TRiboLAND) Swit ak kantite zam ak minisyon Ajan Dwanye yo dekouvri nan plizyè bato nan pò Pòdpè a, gen gwo menas pou fèmen pò a, aprè Leta sezi 2 bato pakè Pòdpè te mete sele sou yo, ki se Mis Lili ak Elshadaï. Fòs Nòdwès Ini (FNOU) ak alye li yo ap òganize yon mach pasifik pou di non ak desizyon sa Leta Ayisyen vle pran, ki se fèmen pò a, jedi 11 dawou 2022, a 10è nan maten sou plas Dam Pòdpè a.

Dwan Pòdpè a kraze depi an 2004, plizyè gouvènman pase yo, yo pa janm fè anyen nan Dwan nan ak pò Pòdpè a. Malgre tou, batiman kontinye debake, yon aki pou moun depatman Nòdwès la, ak tout moun kap travay nan kannòt ansanm ak pò a. Desizyon sa pa dijere byen sou kè moun Pòdpè, depi yo fin tande nouvèl la. Anpil moun ap mande ki ka yo, paske sa se yon desizyon ki pral kontribye nan ogmante lavi chè ak mizè nan Nòdwès.

Nan sans sa, FNOU ak alye li yo mande tout moun Pòdpè ak rès depatman an pou leve kanpe paske se yon desizyon kap fè gwo enpak sou tout moun.

Comments are closed.