Flash! Flash! Flash! Lapolis nan vil Pòdpè apèn fouke yo gro bandi anjandre ke yo tap chèche tankou chyen fou

1,358

07-03-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) “Kaskad” se non yon gro bandi gang anjandre ke lapolis nan vil Pòdpè tap chèche tankou chyen fou atravè depatman Nòdwès la.

Konsa, sa yo tap chèche nan syèl yo jwen li atè! Direksyon depatmantal PNH la nan Nòdwès arive mete men nan pat kasav “Kaskad”, yon bandi ki pa manje anyen ki fwèt, nan Ri Chalmay Peralt nan vil Pòdpè, ozanviwon 7:00 pm jodi dimanch 3 jiyè 2022 a.

Arestasyon yon parèy bandi antre nan kad “bale wouze” ak “pèlas” ke fòs lòd yo lage dèyè bandi sangwen kap mete dlo nan je popilasyon an.

Kaskad genyen men li tranpe nan yon latriye zak malonèt; li te nan kovivans avèk yon lòt bandi gang ki rele “Dosou” ke popilasyon nan yon zòn ki rele “Madlon” te touye; sepandan, se te bon pye Kaskad ki fè li te gentan chape pou l li! Antouka, Kaskad trouve li nan gadavu, kote ke li anba gro entèwogatwà.

Comments are closed.