Aprè pase 3 mwa, depatman Nòdwès peyi a leve anba anpil lapli jedi 16 mas 2023 a.

1,034

03-16-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Aprè plis pase 3 mwa lapli pat janm tonbe sou depatman Nòdwès peyi Dayiti finalman. Jounen jedi 16 mas 2023 a, lapli kap tonbe sou majorite komin nan depatman sila,blayi gwo kè kontan nan mitan peyizan ki te genyen anpil tè sèk ki bezwen tigout dlo.

Nan moman peryòd lapli pat tonbe a, peyizan yo nan depatman Nòdwès la wè tout koulè lakansyèl nan monte kouri desann pou al boske ti gout dlo pasi-pala, san konte, pèt danre ak tèt betay ki fin mouri swaf dlo ak lafen grangou e latriye.

Panse ak benediksyon lapli a, pou peyizan yo depi gen lapli tout bagay posib. Konsa, yo ta swete wè genyen bonjan lawozay ou pi plis lapli kontinye ap tonbe nan bonjan kondisyon nan moman plantè atravè depatman Nòdwès ap pran gro sekous kriz alimantè.

Comments are closed.