“Haut Conseil de Transition” (HCT) a enstale jodi lendi 6 fevriye 2023

1,383

02-06-2023

Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) An prezans divès wo diyitè nan peyi a, Premye Minis defakto PHTK a, Ariel Henry enstale jounen lendi 6 fevriye 2023 a, “Haut Conseil de Transition” (HCT) nan Biwo Ministè Komès la.

Pou Premye Minis defakto a, enstalasyon HCT a, se yon viktwa toujou pou Gouvènman lan. Li kontinye pou di, Gouvènman li a, ap mete tout sak nesesè pou HCT a fonksyone yon fason pou reponn ak egzijans yo genyen daprè fèy dewout yo gen pou egzekite a ak tout soutyen nesesè. Li fini pou di, li konte sou metòd travay HCT a.

Kan ta pou Madam Mirlande Hyppolite Manigat, Prezidant HCT a, ki te kòmanse pou li dedye yon panse spesyal pou Mari li, Leslie Manigat ki te inisye li nan politik. Li kontinye pou di, pa gen anyen moun ap fè ki san pou san pafè. Moun kap kritike HCT a dwe konn sa; yo pral fè sak nesesè pou reponn ak apèl e se sa yo gen kòm devwa.

Kidonk, pou Madanm Manigat, li menm ak Laurent Saint-Cyr ak Calixte Fleuridor pral travay ak gouvènman an e ansanm ak tout aktè yo pou bay rezilta nesesè. Prezidant HCT a, ki rekonèt peyia nan yon enpas san parèy; men yo vini ak yon espri serye pou bay kontribisyon yo nan zafè peyi yo.

Comments are closed.